Deklarasyon Endepandans Ayiti: Rechèch pou jwenn dokiman ki pèdi nan Achiv Mond Atlantik la
Editor’s note: What follows is a Haitian Kreyòl translation of Julia Gaffield’s article “Haiti’s Declaration of Independence: Digging for Lost Documents in the Archives of the Atlantic World”. It was translated by Marie Lucienne Megie.
Premye janvye 1804, Ayiti tounen dezyèm nasyon endepandan nan Amerik la. Deklarasyon Endepandans Ayiti a se dènye degre viktwa ke sèl grenn revòlt esklav ki te reyisi nan listwa a te atenn. Moun te vin rive konnen sa ki te ekri nan Deklarasyon Ayiti a gras ak transkripsyon epi enpresyon dokiman an ke yo te vin fè aprè; paske nan lane aprè revolisyon an yo, tout kopi ki te genyen de dokiman ofisyèl ke gouvènman an te fè soti a te gentan disparèt. Kontrèman ak Deklarasyon Endepandans Etazini an ki, antanke yon bagay materyèl, gen yon sans senbolik a travè listwa (daprè Nicholas Cage), yo te bliye dokiman Deklarasyon Ayiti a nèt. Nan finisman diznevyèm syèk la, yo pat ka jwenn okenn kopi ofisyèl dokiman sa a ki te pèmèt Ayiti fè aparisyon l nan Mond lan e ki te fè konnen ke kounya gen yon gwoup sitwayen ini tankou yon sèl pèp ki se: Ayisyen yo.
Nan lane 1903, avan ane ki tap fè Ayiti san tan an, jounal Ayisyen ki rele Le Soir la te lanse yon apèl a Gouvènman an ansanm ak sitwayen ayisyen yo pou ede jwenn orijinal Deklarasyon Endepandans Ayiti a ke yo konsidere tankou “Sètifika batèm pèp Ayisyen an.” Daprè editè jounal la, Justin Lherisson, Deklarasyon Endepandans lan se te yon pwen enpòtan nan fèt la e yo te dwe jwenn li, sa ki tap montre yon lòt fwa ankò enpòtans ke 1804 genyen.
Sa ki etonan, premye tantativ sa yo pou te rive jwenn deklarasyon an pat mennen akenn kote. Nan jou ki te 28 janvye 1903, jounal Le Soir rapòte ke “yo pa ka rive jwenn Deklarasyon Endepandans Ayiti a nan achiv peyi a akòz de yon neglijans ki merite kondane. Gen moun ki di ke se vòlè yo vòlè l, epi vann li nan peyi Lalmay; gen lòt menm ki di ke se an Angletè li ye.” Nan landemen, Le Soir fè soti yon lèt ke yon ansyen abone jounal la te ekri pou kore apèl ke jounal la te lanse a Gouvènman Ayisyen an ansanm ak sitwayen ayisyen yo pou yo chèche dokiman orijinal Deklarasyon Endepandans lan. Daprè lèt la, sanble se yon moun ki ta vann yon alman dokiman an nan lane 1860 yo. Epi aprè, alman sa a ta al fè yon mize nan peyi l kado li. Menm si pat gen ankenn prèv ki te bay pou kore deklarasyon sa a, bagay sa a pa enposib paske te gen yon pakèt alman ki te debake vin viv an Ayiti nan dezyèm mwatye diznevyèm syèk la.
Twa lane apre santyèm fèt Deklarasyon Endepandans lan, yo pat janm ka rive jwenn dokiman sa a. Sekretè legasyon Ayiti nan vil Lond, Felix Viard, te ekri Lherisson yon lèt pou l te mande li gide l nan rechèch li tap kontinye fè pou l jwenn dokiman an. Viard te konnen ke se pat nan British Museum nan li te ye aprè ke l te fin chèche l nan “Depatman dokiman istorik ak otograf selèb” mize a. Pandan ke li tap fè rechèch pou li wè si li ta jwenn yon dokiman ke Jean Jacques Dessalines ak lòt Jeneral an chèf Ayisyen yo te siyen, li te di ke si l jwenn dokiman sa a, ki daprè li “tap plis nan vrè plas li si sete nan Achiv Nasyonal nou an li te ye,” li tap fè foto l nan dimansyon 50×60. Viard te fe konnen tou ke li tap voye tout imaj sa yo bay “Prezidan Ayiti a, ki san dout ta va afiche l nan palè a.” Disparisyon Deklarasyon an se te yon mistè ki te vinn pi konplike chak peryòd dizan ki te pase. Preske senkantan aprè, alòs ke yap tann pou fete san senkantan Endepandans lan, Ayisyen yo te toujou ap chèche yon kopi orijinal Deklarasyon Endepandans lan. Nan dat 31 desanm 1952, entèlektyèl ayisyen ke yo rele Edmond Mangonès la te ekri Komisyon Ayisyèn Syans Sosyal pou San Senkantyèm Fèt Endepandans la yon lèt kote ke l te ba yo rezilta rechèch ke li te fè pou l te jwenn orijinal Deklarasyon. Li te deklare ke “tout rechèch ki te fèt jiska prezan te fèt an ven.” Mangonès te okouran de tantativ premye chèchè yo te fè, men li te rapòte ke pat gen youn ladan yo ki te rive jwenn ni orijinal deklarasyon an, ni menm yon kopi siyen oubyen yon vèsyon ki te enprime nan peryòd la. Antouka, Mangonès te rete kwè ke ta dwe gen yon kopi ki egziste toujou, lè l konsidere ke gran istoryen ayisyen ki rele Beaubrun Ardouin an te fè konnen ke yo te enprime tout dokiman ki te pibliye nan Gonayiv yo e yo te voye yo bay tout dezyè otorite nan peyi yo, sa ki te fè ke tout moun te pran fete.
Pou Mangonès, disparisyon orijinal Deklarasyon Endepandans Ayiti a se konsekans fason yo te ekskli memwa Dessalines pandan 39 lane—soti 17 oktob 1806 [dat yo te asasinen li an] rive 10 desanm 1845, ki se dat Prezidan Pierrot te itilize lwa ki te rekonèt sèvis ke Anperè a te rann Nasyon an, yon fason pou l te retabli souvni yo dwe gen de li. Dapre sa istoryen Erin Zavitz rapòte, Prezidan Louis Pierrot te yon “nasyonalis e yon Jeneral nwa ki te fè pati de mouvman nwaris la,” e ki te “dekrete fineray nasyonal pou Dessalines nan dat 17 oktob.” Malgre ke memwa Dessalines te rive retabli nan mwatye diznevyèm syèk la, Mangonès te deplore le fèt ke “nou pa genyen yon kopi, ni menm yon tèks enprime de Deklarasyon Endepandans nou an ki te pwoklame a.” Mangonès te desi pakse rechèch li yo te fèt o aza e ke gouvènman an pat jwe yon pi gran wòl nan lanse rechèch nan achiv yo. Li mande tou pou yo ta mete sou pye yon pi gwo misyon rechèch eksploratwa ki ta eseye rezoud pwoblèm dokiman istorik enpòtan Ayiti yo ki gaye nan peyi a e nan achiv peyi etranje yo.
Aprè plis pase de syèk depi ke lidè ayisyen yo te pwoklame Deklarasyon Endepandans lan, mwen te deside ekri tèz mwen an, nan Inivèsite Duke, sou koumansman peryòd endependans lan.
Premyèman, mwen te jwenn yon pakèt espesyalis ki te avèti m ke “pat gen ankenn sous ki egziste konsènan sa.” Erezman, konseye m nan, Laurent Dubois, te sipòte pwojè m nan malgre ke sanble pat gen anpil sous ki pale de peryòd plizyè dizèn lane boulvèsman ki te egziste aprè Deklarasyon Endepandans lan. Tout moun konnen ke dokiman ki te genyen nan kòmansman peryòd Revolisyon peyi Dayiti a yo disponib nan achiv peyi Lafrans, men jan kòmantè a te di nan jounal la o sijè de neglijans ki te genyen, Leta Ayisyen pat janm gen yon achiv ofisyèl jiska mwatye diznevyèm syèk la. Lòt faktè tankou dezas natirèl, enstitisyon ki pa finanse ase, twoub politik, ak vòl te lakòz ke achiv ofisyèl yo pat ka byen konsève an Ayiti. Malgre sa, gen yon kantite repètwa ki te reyisi konsève yon gwo pati nan dokiman achiv peyi Dayiti yo. Achiv Nasyonal Dayiti (ki te kreye nan lane 1860), Bibliyotèk Nasyonal Dayiti (ki te kreye nan lane 1939), Bibliyotèk Ayisyèn Pè Sentespri Yo (ki te kreye nan lane 1873), Bibliyotèk Ayisyèn Frè Enstriksyon Kretyèn Yo (ki te kreye nan lane 1912), yo tout genyen anpil achiv, menm si koleksyon yo genyen yo sitou an rapò ak dezyèm mwatye diznevyèm syèk ansanm ak ventyèm syèk la.
Antouka, mwen te rapidman rive konprann ke mwen tap gen poum repanse strateji ke etidyan metriz ak doktora yo konn abitye itilize nan sa ki gen pou wè ak achiv, kote ke ou gen pou pase yon lane oubyen de nan yon peyi nan lide pou ka li tout dokiman ou ka jwenn nan achiv ak nan bibliyotèk ki gen rapò a sa w bezwen an. Etid map fè sou peryòd aprè Endepandans Ayiti a pat ap kabab chita sèlman sou rechèch ki fèt an Ayiti. Mwen te planifye fè yon vwayaj tou kout nan sèt peyi diferan ─ Jamayik, Angletè, Lafrans, Etazini, Peyiba, Danmak ak Ayiti ─ e mwen te rive jwenn dokiman ki te nesesè yo nan chak achiv mwen te vizite yo. Mwen te gen chans nan demach mwen an, men strateji mwen te anplwaye a te baze sou yon gran ide syantifik ki kwè ke peyi ki fè pati de Mond Atlantik la konekte youn ak lòt. Olye de plizyè istwa pou plizyè nasyon, gen yon pakèt etid ki ap revele kouman vwayaj moun fè, machandiz ak ide ki echanje te rive kreye yon kominote Atlantik kote tout peyi ansanm. Le fèt ke dokiman ayisyen yo al bout jis nan achiv lòt peyi, sa parèt lojik si nou konsidere sa sou ang plas Mond Atlantik la genyen nan istwa Dayiti.
Revolisyon ayisyèn nan te enplike alafwa lame anpi fransèz, anglèz ak espanyòl, ansanm ak lame esklav, ansyen esklav ak afranchi ki tap viv nan koloni an. Te gen chanjman nan alyans ki te genyen ant plizyè pati sa yo a mezi ke gè a tap dewoule, men se te yon bagay entènasyonal li te ye depi lè l fèk kòmanse. Pati ki tap goumen yo, ansanm ak obsèvatè yo te tèlman gen gwo enterè nan viktwa youn oubyen plizyè nan diferan gwoup ki tap goumen yo, ke yo rasanble e fè sikile enfòmasyon konsènan revolisyon an. Anplis de sa, revolisyon an te lakòz plizyè milye moun kite Sen Domeng (se konsa Ayiti te rele lè l te koloni) pou al nan lòt koloni, Etazini ak Ewòp. Akòz bagay sa a, mwen jwenn ke sous konsènan revolisyon ayisyèn nan yo pat sèlman nan achiv peyi Lafrans, mem yo te gaye (e se pat pa aza) nan tout Ewòp ak Amerik la. Menm aprè Deklarasyon Endepandans lan, lòt peyi yo pat sispann enterese ak Ayiti e enplike yo nan sa ki tap pase ladan.
Premye vwayaj entènasyonal mwen fè nan kad rechèch la se te nan vil Kingston, peyi Jamayik, mwen te ale e mwen te enspire pa sa ke istoryen ayisyen selèb ke yo rele Thomas Madiou an te ekri konsènan yon trete negosyasyon ki te genyen ant Gouvènè Jeneral Jean Jacques Dessalines ak Gouvènè Jamayik Georges Nugent nan koumansman lane 1804. Le fèt ke listwa mete anpil aksan sou fason ke yo te mete Ayiti sou kote aprè endepandans lan, negosyasyon sa yo soulve enterè m. Pat gen ankenn èd ki te disponib, sa ki fè ke mwen rive Kingston avèk sèlman yon presantiman de sa mwen ta ka dekouvri nan koleksyon yo.
Sa rive ke mwen te gen anpil chans. Yon jou, mwen te voye di yon zanmi m: “Dlo te preske kouri nan je m tèlman m te kontan lè m te wè sa ki te nan achiv yo.” Nan Bibliyotèk Nasyonal Jamayik la (NLJ), mwen te jwenn twa gwo kès an bwa (ki mezire petèt 2,5 pa 1,5 pye) ki te gen ladan yo tout lèt Gouvènè Nugent yo. Lèt sa yo te revele ke nan mwa avan ak aprè Deklarasyon Endepandans Ayiti a, Nugent te voye de emisè nan Sen Domeng/Ayiti pou eseye negosye yon trete komèsyal avèk Dessalines. Kès dokiman yo te montre ke negosyasyon sa yo te pi konsiderab e pi enpòtan ke sa Madiou te panse a. Pita, dokiman sa yo ta pral jwe yon gran wòl nan ede m rezoud mistè sa a ki te tankou yon defi pou tout efò ki te fèt depi plis pase yon syèk.
Rechèch mwen an te kondui m a youn nan ajan Nugent yo ki rele Edward Corbet, ki te pote yon kopi Deklarasyon Endepandans Ayiti a nan peyi Jamayik. Corbet te ekri Nugent yon lèt e nan lèt sa a, li te presize ke li te voye avèl yon dokiman enprime. Aprè li te tounnen sot Ayiti a li te di: “Ekselans, kounya pèmèt mwen prezante w Deklarasyon Endepandans yo a. Kèlkeswa kote dokiman sa a te ekri a, li pat ko pibliye jiskaprè lèm rive Pòtoprens lan, sa ki fè ke kopi sa a ke m gen onè prezante w la fèk te soti nan près la.” An aprè, mwen ta pral dekouvri ke dokiman sa a te trè enpòtan. Mwen te jwenn nan kès ki te gen achiv yo yon transkripsyon Deklarasyon Endepandans Ayiti a ki te ekri a la men. Men le fèt ke te gen lòt vèsyon, ekri a la men oubyen enprime, ki te egziste nan lòt repètwa, sa vin fè ke dokiman an, nan li menm, pat yon twò gwo dekouvèt pou kòmansman peryòd istwa Dayiti a.
Kisa ki te rive vèsyon Deklarasyon Endepandans ki te fèk soti nan près la? Nan reflechi mwen tap reflechi sou kesyon an, mwen te diskite de sa ki te ka pase, ak youn nan manm komite tèz mwen an ki rele Deborah Jenson e ki, oparava, te fè yon rechèch sou piblikasyon Deklarasyon Endepandans Ayiti a ki te fèt nan jounal ameriken yo. Nou te fini pa konkli ke se pat de transkripsyon ki te ekri a la men ke m te jwenn nan Corbet tap pale, men se te de yon dokiman enprime. Donk, gen lè te gen yon bagay ki te rive kopi ofisyèl ke Corbèt te di ki te fèk soti nan près la.
Siksè ke m te jwenn pandan vwayaj rechèch ke m te fè Jamayik la te fè m kwè pi plis toujou ke dokiman achiv Ayiti yo jwe yon gwo wòl nan gran Mond Atlantik la. Dezyèm etap la se te vwayaj mwen te fè nan vil Lond pou mwen te al chèche lòt lèt ki konsène negosyasyon ki te genyen ant Nugent ak Dessalines e ki te mansyone tou lòt dokiman yo te voye ansanm avèk yo, tankou Deklarasyon Endepandans lan, ke m pat jwenn nan kès ki te nan NLJ yo. Nan Achiv Nasyonal Wayòm Ini an (TNA), lèt ki te ekri sou tan lakoloni yo te klase premyèman pa koloni, epi pa dat. Mwen te kòmanse fè rechèch mwen an nan seri pa Jamayik yo ki kode konsa: CO 137. Mwen pat pran tan pou m te jwenn yon blòk dokiman ayisyen ke Gouvènè Nugent te voye bay Minis Anglè yo nan vil Lond nan jou ki te 10 mas 1804. Nan yon lèt Nugent te ekri Sekretè Deta pou Lagè ak Koloni yo li te di: “Pèmèt mwen voye ba ou tout papye m te gen nan menm, ki ka bay plis eklèsisman sou kesyon an.” Blòk dokiman sa a te gen ladan l tou yon bann lòt nouvo dokiman ke, si sa te rive ke yo te etidye yo, yo pat janm te itilize yo nan rechèch ki te pibliye avan, pa egzanp sèl vèsyon yo konnen de chan ki rele Hymne Haitienne nan, ki te ekri epi chante nan mwa janvye 1804. Men sa ki te pi enpòtan e ki te etone m anpil, blòk dokiman sa a te gen ladan li tou yon kopi enprime Deklarasyon Endepandans Ayiti a ke yo tap chèche depi lontan, e kopi sa a te soti nan près Gouvènman an nan Pòtoprens.
Galri foto [Gaffield1a.jpg a travè Gaffield1g.jpg] Lejann : Deklarasyon Endepandans Ayisyèn nan, ki te enprime nan Pòtoprens nan lane 1804 Kredi : Achiv Nasyonal Wayòm Ini
Deklarasyon ofisyèl Endepandans la se te yon panflè ki te gen uit paj, e anlè nan tèt premye paj la te gen mo sa yo ki te ekri an gra: “LIBETE OUBYEN LANMO.” Fòma dokiman an te ekri a te fè konprann ke Gouvènman Ayisyen an te gen entansyon poste dokiman an voye bay gouvènman lokal ak etranje yo. Dokiman an gen twa pati ladan:
1) Ak Endepandans la (Deklarasyon Endepandans la) 2) Yon pwoklamasyon Jeneral an Chèf Jean Jacques Dessalines te fè pou pèp peyi Dayiti a, epi
3) Nominasyon Dessalines kòm Gouvènè Jeneral Ayiti
Menm si dokiman an te enprime nan Pòtoprens, Deklarasyon Endepandans Ayisyèn nan te pwoklame pou la premyè fwa sou fòm yon diskou nan Gonayiv. Kòm prèv mwen te jwenn Jamayik la te revele ke Corbet te ale Jamayik ak panflè a nan zòn 21 janvye 1804, nou kapab dedui ke tèks dokiman ke Louis Felix Boisrond Tonnerre te ekri a e ke Dessalines te voye mande a te pakouri 112 kilomèt soti Gonayiv rive Pòtoprens nan de a twa semèn aprè premye janvye 1804.
Mwen te ekri Deborah Jenson ansanm ak Laurent Dubois konsènan sa m te jwenn yo e fason yo te reponn mwen avèk anpil chalè te pouse m kontinye travay mwen tap fè nan achiv yo. Men, jan ke sa konn souvan rive avèk istoryen (e petèt avèk moun ki nan domèn akademik yon fason jeneral), mwen pat rekonèt rapidman ke kèlkeswa espesyalis nan domèn nan ta pral enterese a dekouvèt mwen te fè a konsènan Deklarasyon Endepandans Ayisyèn nan ke yo tap chèche lontan an.
Kèk semèn aprè, Laurent te voye yon imel ban mwen pou l fè m konnen ke li te pale ak achivis ayisyen Patrick Tardieu ki te konfime, aprè ke l te fin egzamine kopi dijital dokiman an ke m te fè nan achiv yo, ke se te vrèman premye kopi ofisyèl Deklarasyon Endepandans lan yo te rive jwenn depi diznevyèm syèk la.
Nan nivo sa a, mwen te komanse reyalize ke se pa sèlman espesyalis ke dekouvèt mwen an te ka enterese, donk mwen ale sou Facebook e mwen pataje nouvèl la ak fanmi m, zanmi m epi kòlèg mwen yo (Si se te kounya a, se sou twitter mwen tap pibliye nouvèl la!). Yon zanmi m ke yo rele Jacob Remes te ekri yon kòmantè tou suit pou li di m ke mwen ta dwe kontakte Biwo Nouvèl ak Kominikasyon Inivèsite Duke la paske li te kwè ke gen anpil moun ki ta ka enterese, sitou ke nan moman sa a, tout medya tap pale de Ayiti, paske pot ko gen yon mwa depi ke yon tranbleman tè nivo 7.0 te ravaje peyi a.
Sa rive ke Jacob te gen rezon vrèman e nan yon degre ke mwen pat imajine. Nouvèl la te gaye rapidman nan tout mond lan, yo te difize li nan rezo enfòmasyon yo e nan plis pase 50 sous nouvèl nasyonal ak entènasyonal. Jounalis yo te tou suit fè lyen ant dekouvèt la ak evènman ki tap deroule yo, e yo te di ke yo swete ke bòn nouvèl sa a ta kapab ede Ayisyen yo nan moman difisil sa a. Damien Cave te ekri nan The New York Times ke “le fèt ke yo te ka jwenn dokiman an sèlman kèk semèn aprè tranbleman tè sa a ki te touye yon pakèt moun, e ke yo ta ka konfime ke li pa yon fo dokiman, avan konferans donatè yo ki ta kapab defini avni peyi Dayiti a ─ gen moun ki di ke sa se travay Bondye.” Tandiske Cave te mete aksan sou konsekans sa ka genyen pi devan, Siri Agrell ki nan Canada’s Globe and Mail soulinye li menm enpòtans memwa istorik genyen nan moman sa nesesè. “Dekouvèt li a,” daprè Agrell:
ki fèt plis pase 200 zan aprè ke dokiman an te siyen e ki mete fen a plizye dizèn lane rechèch istorik ki te fèt nan lide pou jwenn li, pa ta ka rive nan yon pi bon moman pou Nasyon Ayisyèn nan, ki jiska prezan poko fin retabli aprè dènye kou ke idantite nasyonal li a te pran. Aprè ke gwo tranbleman tè sa a te fin frape peyi a, li ap goumen pou l rekonstwi, e istoryen yo fè konprann ke dokiman an va sèvi kòm yon rapèl ki te trè nesesè konsènan sa ke yo te reyisi fè deja.
Sa m te pi apresye nan reyaksyon piblik entènasyonal la se te bezwen vizib ke yo te genyen de yon lòt istwa sou Ayiti, yon istwa ki pale de siyifikasyon ke sa li te reyisi akonpli pandan ak aprè revolisyon an yo genyen de fason jeneral. Nan atik li a, Cave pale de Leslie Manigat, yon istoryen e yon ansyen prezidan ayisyen ki te di: “Nan kad sitiyasyon trajik sa a Ayiti ye a, li enpòtan pou Ayisyen yo ak rès mond lan sonje endepandans Ayiti a.” Se te yon okazyon pou moun te pale de yon lòt sijè ki pa ni twoub politik ke Ayiti te fèk konnen an, mizè kap fè raj, ni gwo tranbleman tè a.
Pandan li tap pale byen fò nan telefòn etan li Pòtoprens yon fason pou yo te ka tande li akòz kominikasyon an tap plede koupe, Manigat te deklare ke “nan nouvo mond sa a, nou dwe konprann Endepandans lan yon fason ki diferan de jan nou te konn abitye konprann li avan.”
Apèn yon lane aprè premye vwayaj mwen te fè nan achiv vil Lond yo, mwen te retounen pou mwen te ale konplete rechèch pou tèz mwen an, kote ke mwen te al etidye dokiman ke Marin peyi Jamayik genyen nan Achiv Nasyonal yo. Sa ki te etonan, sè ke m te jwenn yon lòt kopi Deklarasyon Endepandans Ayisyèn nan ki te enprime e ki te fèt yon lòt jan; se yon paj ki tankou yon afich ke yo te fè pou mete nan zòn piblik yo. Nan ka dokiman sa a li menm, yo te retire l pami achiv Marin nan e yo te reklase l kòm yon kat jewografi, yon fason pou fèy li pa t pliye nan rejis la.
Dezyèm dekouvèt sa a soulinye youn nan prensipal eksplikasyon konsènan rezon ki fè ke tout tantativ ki te fèt avan yo pou te jwenn kopi ofisyèl Deklarasyon Endepandans Ayisyèn nan pat mache. Tou de vèsyon ki te egziste yo pat klase kote yo te panse yo kapab klase nan achiv yo. Mwen di ke se yon kote yo pat panse, amwens ke nou ta rekonèt konbyen, nan diznevyèm syèk la, Ayiti entegre nan Mond Atlantik la e konbyen plas li okipe a se yon bagay ki pa senp. Nan dezyèm ka sa a, pou voye mande dokiman an, ou dwe antre kòd MFQ 1/184 olye de MFQ 184, jan li te ekri nan fich la. Kòd antre pou dokiman Deklarasyon Endepandans Ayisyèn ki tankou afich enprime a pa t menm mansyone ke se yon dokiman ki te sot Ayiti (malgre ke li te klase pami twa lòt dokiman ayisyen enpòtan).
Mwen te voye mande plizyè fwa pou yo rantre dokiman an e pou yo reklase l (paske yo te retire vèsyon ki te sou fòm panflè a aprè ke m te fin jwenn li nan achiv kolonyal Jamayik yo, e yo mete l kounya yon kote ki an sekirite pou l ka konsève).
Menm jan Justin Lherisson ak Felix Viard te fè li nan kòmansman ventyèm syèk la e menm jan Edmond Mangonès te fè li tou nan mitan ventyèm syèk la, Patrik Tardieu relanse apèl a gouvènman an pou yo voye yon delegasyon ofisyèl nan vil Lond pou al chèche dokiman achiv ki gen anpil valè yo e ki gen rapò ak istwa peyi Dayiti. Li fèk ekri yon atik konsènan youn nan dokiman ki te klase menm kote ak panflè Deklarasyon Endepandans lan, nan lide pou li montre kantite sous ke yo poko dekouvri e ki gen rapò ak istwa peyi Dayiti. Tardieu ekri nan jounal ayisyen ki rele le Nouvelliste la: “pandan ke map prezante ayisyen yo òdonans sa a ki te fèt nan dat ki te 20 janvye 1804 la, yon lòt fwa ankò, mwen fè apèl a otorite yo nan peyi a. Yon misyon kiltirèl nan vil lond ap trè enpòtan; Eske Anbasadè Majeste a pat fè Gouvènman Ayisyen an yon envitasyon fòmèl depi lane 2011? Eske pa gen lòt dokiman ankò nan achiv vil Lond yo? Se sèl yon misyon ofisyèl ki ka pèmèt nou konn sa.”
Istwa dekouvèt mwen fè konsènan kopi enprime Deklarasyon Endepandans Ayisyèn nan ke Gouvènman an te fè soti a montre kòman rechèch istorik se yon bagay ki konekte ak tandans syantifik aktyèl yo e ak evènman kap pase kounya yo. Yon “vire won” nan Atlantik la montre entèkoneksyon ki genyen ant anpi yo, koloni yo ak peyi yo nan kòmansman epòk modèn nan. Istoryen yo kòmanse fè rechèch yo yon lòt jan, yo vwayaje al nan plizyè peyi pou yo al konsilte achiv, e yo fè rechèch nan plizyè lang. Nouvo metòd sa yo pèmèt vin gen yon pakèt nouvo dekouvèt nan istwa Dayiti a.
Antouka, enterè syantifik ki vin genyen kounya pou istwa Dayiti a se rezilta pwoblèm aktyèl sou plan politk, ekonomik e ki gen rapò tou ak tranbleman tè a. Istoryen ak syantifik nan lòt domèn yo chèche reprezante karakteristik istwa Dayiti a tankou yon liy dwat ki soti depi nan revolisyon an pou rive nan venteyinyèm syèk mizè a. Anplis de sa, le fèt ke tout medya te deja ap pale de Ayiti, sa vin fè ke gen pi plis moun ki enterese a dekouvèt mwen an. Mesaj ak reyaksyon ke m te resevwa aprè nouvèl konsènan dekouvèt mwen an te montre santiman fyète ak enterè ki te genyen ; anpil moun te kontan posiblite sa a ke yo te jwenn pou yo te kapab rekonekte ak dokiman enpòtan sa a ankò; te gen lòt menm ki te rekonesan paske se premye fwa yo tap kapab li l.
Yon bagay ki te vin parèt klè, se lyen ki te toujou egziste ant Ayiti ak Etazini ki se de premye peyi endepandan nan Amerik la. E Rachel Maddow te di sa pandan li te kwaze dwèt endèks ak lemajè li youn sou lòt nan emisyon MSNBC li a ke anpil moun suiv: “Nou menm ak Ayiti se konsa nou ye. Nou te toujou konsa.”